Si w peye kontraktè endepandan yo, ou ka oblije ranpli Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye, pou rapòte peman pou sèvis ou fè pou komès oswa biznis ou. Si yo ranpli kat kondisyon sa yo, ou dwe jeneralman rapte yon peman kòm konpansasyon moun ki pa anplwaye.
- Ou te fè peman an bay yon moun ki pa anplwaye w.
 - Ou te fè peman pou sèvis komès ou oswa biznis ou (ki gen ladan l ajans gouvènman yo ak òganizasyon san bi likratif).
 - Ou te fè peman an bay yon moun, patenarya, byen imobilye, oswa nan kèk ka, yon sosyete.
 - Ou te fè peman ki dwe rapòte bay yon benefisyè ki totalize montan limit la oswa plis pandan ane a.
 
Pou rapòte peman konpansasyon pou moun ki pa anplwaye (NEC), ou dwe sèvi ak Fòm 1099-NEC, Konpansasyon pou moun ki pa anplwaye (an anglè). Enstriksyon pou moun k ap ranpli/bay Fòm 1099-NEC yo disponib nan Enstriksyon pou Fòm 1099-MISC ak 1099-NEC (an anglè).
Si w ranpli Fòm 1099-NEC sou papye, ou dwe soumèt yo ak Fòm 1096, Anyèl Rezime ak Transmisyon Deklarasyon Enfòmasyon Etazini (an anglè). Si w ranpli plis pase yon kalite deklarasyon enfòmasyon sou papye -- pa egzanp, 1099-NEC, 1099-MISC, 1099-K, elatriye -- ou dwe prepare yon fòm 1096 apa pou chak kalite deklarasyon enfòmasyon. Fòm 1096 pa obligatwa pou ranpli elektwonikman.
Pou plis enfòmasyon, ale nan Enstriksyon pou Fòm 1099-MISC ak 1099-NEC (an anglè) PDF, Enstriksyon Jeneral pou Fòm 1099, 1098, 5498, ak W-2G (an anglè) PDF, ak Piblikasyon 1220, Espesifikasyon pou Depoze Fòm 1098, 1099, 5498 ak W-2G PDFMayetik oswa Elektwonikman PDF (an anglè) PDF.
Yo rapòte konpansasyon yon rezidan etranje yo te peye e ki pa yon anplwaye sou Fòm 1042-S, Revni Sous Etazini pou Etranje ki Sijè a Prelèvman (an anglè). Yo ka egzije gen prelèvman ki fèt sou peman sa yo. Yo itilize yon Fòm 1042-T, Rezime Anyèl ak Transmisyon Fòm 1042-S (an anglè), pou transmèt Fòm 1042-S sou papye bay Internal Revenue Service.
Fòm 1042, Deklarasyon Anyèl Prelèvman Enpo sou Revni ki gen sous Ozetanini pou Moun Etranje (an anglè), dwe ranpli si Fòm 1042-S obligatwa. Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan prelèvman sou peman yo bay etranje ki pa rezidan yo, gade Piblikasyon 515, Prelèvman Enpo sou Etranje ki pa Rezidan ak Antite Etranje yo (an anglè) ak Piblikasyon 901, Trete Enpo Etazini (an anglè).
Kondisyon pou Ranpli Elektwonikman (E-File)
Anplwayè yo ki ranpli 10 deklarasyon enfòmasyon oswa plis, Fòm seri 1099, Fòm 1042-S, ak Fòm W-2, oblije ranpli yo elektwonikman. Anplwayè yo dwe konbine prèske tout kalite deklarasyon enfòmasyon pou detèmine si yon moun ki ranpli satisfè limit 10 deklarasyon an, sa gen ladan Fòm W-2, ki te ranpli elektwonikman ak Administrasyon Sekirite Sosyal la. Gade yon gid pou deklarasyon enfòmasyon yo (an anglè).
Ranpli Elektwonikman (E-File) Seri Fòm 1099 yo Bay IRIS
Sistèm Pòtay pou Resevwa Deklasyon Enfòmasyon Kontribyab (IRIS) (an anglè) se yon sistèm ki ofri yon metòd sou entènèt gratis pou kontribyab yo ranpli seri fòm 1099 yo elektwonikman. Sèvis depoze elektwonik gratis sa a sekirize, li egzat epi li pa mande okenn lojisyèl espesyal. Sa ka itil espesyalman pou nenpòt ti biznis ki, kounye a, voye fòm 1099 yo sou papye bay IRS. Atravè li yo ka soumèt ekstansyon otomatik yo, fè koreksyon epi redwi depans ki gen rapò ak ranpli sou papye. Portay Kontribyab la pèmèt ou antre done pou kreye Fòm 1099 swa lè w tape enfòmasyon an oswa lè w telechaje yon fichye .csv. Pou plis enfòmasyon gade Piblikasyon 5717, Gid Itilizatè Pòtay IRS (an anglè) PDF. Kontribyab la ka kontinye itilize sistèm FIRE a (Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman) pou ranpli deklarasyon enfòmasyon w yo.
Ranpli Elektwonikman Avèk Sistèm FIRE
Yo fè sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE) (an anglè) pou enstitisyon finansye yo ak lòt biznis pou depoze Deklarasyon Enfòmasyon Fòm 1042-S, 1098, 1099, 5498, 8027 oswa W-2G. Yo ka depoze Deklarasyon Enfòmasyon elektwonikman, sepandan, ou dwe gen lojisyèl ki ka pwodui fichye a nan fòma apwopriye a jan Piblikasyon 1220 egzije sa. FIRE pa bay yon opsyon pou ranpli enfòmasyon nan fòmilè elektwonik.
Èd ki Disponib pou Sistèm FIRE a
Èd pou ranpli elektwonikman disponib pou moun ki peye yo, ki soumèt yo, ak anplwayè yo, lè yo rele Operasyon Sèvis Teknik [Technical Sevices Operation] (TSO). Lè w rele, y ap ba w konsèy sou aspè teknik pou ranpli elektwonikman pa mwayen Sistèm Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE), enfòmasyon jeneral sou rapòte deklarasyon enfòmasyon, ak referans pou resous oto-èd ak sijè lwa enpo sou IRS.gov.
Nòt: TSO pa bay asistans ak kalkil liy pa liy, oswa pou pwoblèm enpo ki trè konplike. TSO pa bay opinyon legal.
Pou jwenn èd ak deklarasyon enpo endividyèl ou a, al gade nan sou "Èd" nan paj akèy IRS.gov la. Pou demann ranbousman tanpri klike sou "Ranbousman" nan paj akèy IRS.gov la.
Ou ka kontakte TSO nan:
- 866-455-7438 Nimewo gratis
 - 304-263-8700 Entènasyonal
 - 304-579-4827 Aparèy Telekominikasyon pou Moun ki Soud (TDD)