Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE)

Retrèt Sistèm FIRE

Ane Fiskal 2026/Sezon Deklarasyon 2027 se dat prevwa pou retrèt Sistèm FIRE la.

  • Sistèm Admisyon Deklarasyon Enfòmasyon (IRIS) la pral sèl sistèm admisyon pou deklarasyon enfòmasyon pou sezon 2027 la.
  • Nou ankouraje itilizatè FIRE aktyèl yo pou yo ranpli Aplikasyon IRIS yo pou TCC a epi sèvi ak IRIS pou bezwen ranpli deklarasyon elektwonik yo. Vizite IRS.gov/iris (an anglè) pou plis enfòmasyon.
  • Rete branche pou pwochen AlètRapid yo (an anglè), reyinyon Gwoup Travay IRIS yo (an anglè), ak dènye enfòmasyon sou resous IRS.gov yo pou plis konsèy.

Itilize Chatbot

Pwofesyonèl taks yo, jwenn èd avèk nouvo fonksyonalite konvèsasyon nou an.

  • Jwenn repons pou kesyon sou kòd kontwòl transmetè (TCC) yo ak ranpli deklarasyon enfòmasyon elektwonik yo.
  • Pou kesyon konsènan kont yo, n ap bezwen yon kont IRS (ID.me)

Deklarasyon elektwonik la obligatwa.pou 10 oswa plis deklarasyon

Apati ane fiskal 2023 a,si ou gen 10 oswa plis deklarasyon enfòmasyon, ou dwe deklare yo pa vwa elektwonik. Sa gen ladan Fòm W-2 yo, deklarasyon elektwonik nan Administrasyon Sekirite Sosyal (an anglè).

Gade Desizyon Trezò (TD) 9972 (an anglè) pou ekzijans pou deklarasyon enfòmasyon pa vwa elektwonik.

Aplikasyon IR pou TCC

Si ou dwe itilize Sistèm FIRE la nan plas IRIS, ranpli yon Aplikasyon Deklarasyon Enfòmasyon (IR, Information Return) pou TCC pou jwenn yon FIRE TCC. Gade Titoryèl Piblikasyon 5911 (an anglè) PDF, Aplikasyon Deklarasyon Enfòmasyon pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC), epi vizite Apwopo Aplikasyon Deklarasyon Enfòmasyon (IR) pou Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) pou Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon Elektwonikman (FIRE) (an anglè) pou w kòmanse. Delè tretman yo ka varye. Sepandan, aplikasyon nòmal la apt rete nan 45 jou travay.

Aplikasyon IR pou TCC a ekzije yon nimewo Sekirite Sosyal oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab pèsonèl (ITIN) pou aksè nan sistèm la ak otantifikasyon pèsonèl. IRS la konnen ke endividi etranje k ap aji sou non anplwayè etranje yo (ekzanp: Antite Etranje, Enstitisyon Finansyè Etranje, Entèmedyè Kalifye, elatriye) ka pa anmezi jwenn yon ITIN oswa SSN pou yo ranpli yon aplikasyon epi kontinye eksplore lòt mwayen pou kontribyab yo otantifye idantite yo, pami yo yon opsyon gouvènman an esponsorize.

Si ou pa kapab ranpli yon Aplikasyon IR pou TCC, ou kapab itilize yon transmetè tyès. Si ou pa panse wap kapab reponn ak ekzijans deklarasyon elektwonik ou yo epi ou chwazi deklare sou papye, ou ta dwe mande yon renonsyasyon. Yo pa asepte renonsyasyon yo otomatikman. Si yo asepte yo, yo bon pou ane deklarasyon aktyèl la sèlman. Demann renonsyasyon sa yo pa genyen yon opsyon deklarasyon elektwonik epi yo dwe soumèt sou papye Fòm 8508 (an anglè) PDF, Aplikasyon pou yon Renonsyasyon pou Deklarasyon Elektwonik yon Deklarasyon Enfòmasyon, pandan w ap swiv enstriksyon ki nan fòm lan.

Aplike pou yon Kòd Kontwòl Transmetè (TCC) ki obligatwa pou jwenn aksè nan sistèm lan:

Aksè aplikasyon IR pou TCC (an anglè)

Disponibilite systèm pwodiksyon FIRE a

Estati Apati Jiska
Pa disponib akoz mizajou anyèl 19 novanm 2025 a 3 è p.m. Lè oryan 6 janvye 2026
Disponib 6 janvye 2025 TBD

Disponiblite systèm tès FIRE a

Estati Apati Jiska
Disponib 6 novanm 2025 a

8 è a.m. lè lès

19 novanm 2025 a 3 è p.m. Lè oryan
Pa disponib akoz mizajou anyèl 19 novanm 2025 a
3 è p.m. Lè oryan
5 janvye 2026 a 8 è a.m. Lè oryan
Disponib 5 janvye 2026 TBD

Nòt: Sistèm FIRE yo (pwodiksyon ak tès) gen tan antretyen ki pwograme pou chak dimanch a 2 è a.m., lè oryan rive jiska 8 è a.m. lè oryan, ak mèkredi a 2 è a.m. lè oryan rive jiska 5 è a.m. lè oryan.

Konekte sou FIRE oswa kreye yon nouvo kont FIRE:

Konekte nan FIRE (an anglè)

Gade piblikasyon konsène yo ki gen lyen yo sou paj wèb sa a pou plis enfòmasyon, tankou:

  • Fòma fichye ak prezantasyon dokiman
  • Fòm yo disponib pou depoze sou Sistèm FIRE a
  • Erè kouran
  • Kòman pou kreye ak jere yon kont koneksyon FIRE.
  • Pwogram Deklarasyon Federal/Eta konbine, eta k ap patisipe yo, ak ekzijans tès yo.
  • Deklarasyon korije
  • Dat limit
  • Pwolongasyon

Koneksyon itilizatè ki la deja (an anglè)