Opsyon peman elektwonik ki an sekirite, rapid ak fasil ki disponib
- Anvan w soumèt pèman an pa lapòs , konsidere yon opsyon peman elektwonik.
 
Si w poste pèman enpo w:
- Fè chèk, manda lajan, oubyen chèk kès sou non U.S. Treasury.
	
- Pran nòt souple: Pa poste lajan likid. Si w pito peye ak lajan nan pòch, voye je nan "Plis enfòmasyon."
 
 - Antre montan an ak tout chif yo konsa ($###.##).
 - Pa itilize agrafez oubyen klip pou atache pèman an ak fich pèman an ni ak deklarasyon an.
 - Fè sèten enfòmasyon sa yo akonpaye chèk la oubyen lajan w voye a:
	
- Non w ak adrès ou
 - Nimewo telefòn yo ka jwenn ou lajounen
 - Nimewo Sekirite Sosyal ou (SSN k ap parèt anvan si se deklarasyon konjwent) oubyen nimewo idantifikasyon anplwayè
 - Ane fiskal
 - Fòm taks kòrespondan oubyen nimewo lèt avi
 
 - Si w ap voye yon peman pa lapòs avèk Fòm 1040-V, Fich Pèman (an anglè) sèvi ak lapòs regilye. Sèvi ak sèvis livrezon prive yo ka retade pwosesis peman ou.
 - Poste pèman w voye nan adrès ki figire sou lèt avi a oubyen enstriksyon, osinon konsilte tablo ki anba la a.
 
| Ki sitiyasyon pèman w? | |
|---|---|
| Pèman ak deklarasyon | Ale non enstirksyon ki sou fòm ou an, oubyen chache adrès kòrèk selon eta a oubyen fòm nan. | 
| Ou te Resevwa yon notifikasyon | Swiv enstriksyon pèman ki nan notifikasyon w resevwa a | 
| Peye sèlman (Moun ki te gentan deklare) | 
			 Moun: Jwenn kote pou w voye rès pèman ou dwe yo (an anglè) Biznis: Demach yo ka varye selon diferan tip taks Aprann plis.  | 
		
| Peye yon vèsman | Swiv enstriksyon ki nan lèt avi w la, oubyen chache ki bò pou w voye rès pèman w dwe yo (an anglè). | 
Avi pou Moun kap Peye Taks ak Chèk
Lè ou peye ak yon chèk, ou otorize nou pou itilize enfòmasyon ki sou chèk ou a pou fè yon transfè lajan elektwonik yon sèl fwa soti sou kont ou oswa pou fè pèman an tankou yon tranzaksyon chèk. Lè nou itilize enfòmasyon ki sou chèk ou a pou n fè yon transfè lajan elektwonik, lajan an kapab soti sou kont ou a imedyatman nan menm jou nou resevwa pèman w lan, epi ou pap retounen resevwa chèk ou a ankò nan men enstitisyon finans ou an.
Pi gwo pèman
Nou p ap ka aksepte yon chèk ou byen yon manda lajan $100 milyon dola ou plis. Ou ka peye plizyè fwa ou byen fè pèman elektwonik jou pou jou (an anglè).
Plis enfòmasyon
- Si w chwazi peye ak lajan nan pòch, pase pa yon patnè detayan oubyen chache konnen si y ap aksepte pèman nan pòch nan yon biwo IRS ki tou pre w
 - Fòrm 1040-V Fich Pèman ak Enstriksyon (an anglè) PDF
 - Konprann Notifikasyon oubyen Lèt IRS Ou Resevwa