Retrè Fon Elektwonik pou moun yo

Retrè Fon Elektwonik (an anglè) (EFW) se yon opsyon entegre e-file/e-pay yo ofri lè w ap ranpli enpo federal ou lè w ap sèvi ak lojisyèl preparasyon enpo oswa atravè yon pwofesyonèl enpo.

Tablo ki anba a montre ki kalite enpo endividyèl yo ka peye konsa. Pou jwenn enfòmasyon sou fòm enpo ki nan tablo a, vizite Telechaje fòm ak enstriksyon IRS yo (an anglè).

Lòt enfòmasyon

Kalite enpoAne enpo aLòt enfòmasyon
Fòm 1040 seri yo
  • Ane aktyèl (2025)
  • Ane avan (2023-2024)
 
Fòm 1040-ES enpo yo estime
  • Ane aktyèl la 2026 (Trimès ki dwe yo 15 Avril  2026, 15 Jen 2026, 15 Septanm 2026 ak 15 Janvye 2027)
Yo ka soumèt jiska 4 trimès (1 pou chak trimès) ak yon retou seri 1040 oswa ekstansyon (2350 oswa 4868), men se pa toude. Egzanp, si yo soumèt trimès 15 Jen 2020 ak 4868 la, li pa ta dwe resoumèt ak 1040 la menm si yo te anile sa ki te soumèt ak 4868 la.
Fòm 2350
  • Ane aktyèl (2025)
 
Fòm 4868
  • Ane aktyèl (2025)
 

Pou enfòmasyon jeneral sou EFW vizite Peye enpo ak Retrè Fon Elektwonik (EFW) (an anglè).

Pou jwenn enfòmasyon sou lòt opsyon peman elektwonik vizite paj dakèy opsyon peman elektwonik