﻿<Page 1>

IRS
Piblikasyon 1
Dwa Ou Genyen kòm Kontribyab

Piblikasyon sa a ap esplike dwa ou genyen kòm kontribyab ansanm ak pwosesis pou verifikasyon, apèl, rekouvreman, ak ranbousman.

Deklarasyon Dwa Kontribyab yo (The Taxpayer Bill of Rights)

1. Dwa a Enfòmasyon

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen kisa pou yo fè pou yo ka obsève lwa ki gen rapò a taks yo. Yo gen dwa pou resevwa esplikasyon ki klè konsènan lwa ak pwosedi IRS suiv nan tout fòmilè taks yo, enstriksyon, piblikasyon, avi, ak lèt yo voye ba yo. Yo gen dwa pou yo konnen enfòmasyon sou desizyon IRS pran sou kont taks yo epi pou yo resevwa esplikasyon ki klè sou rezilta desizyon sa yo.

2. Dwa a Sèvis ki Gen Kalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa asistans ki rapid, ki fèt ak respè, epi pwofèsyonèl lè yo an afè ak IRS, pou yo pale avèk yo nan yon fason ke yo konprann fasilman, pou yo ka resevwa kominikasyon ki klè epi fasil pou konprann nan men IRS, epi pou yo ka palè ak yon sipèvizè konsènan sèvis ki pa gen bon kalite.

3. Dwa pou Yo Pa Peye Plis Pase Kantite Lajan Taks Yo Dwe Egzakteman an

Kontribyab yo gen dwa pou yo peye sèlman kantite kòb taks yo dwe devan lalwa, tankou enterè ak amand, epi pou yo fè IRS aplike tout pèman taks kòm sa dwa.

4. Dwa pou Yo Di Yo Pa Dakò ak Pozisyon IRS Pran epi Pou IRS Tande Yo

Kontribyab yo gen dwa pou yo fè objeksyon epi bay plis dokiman toujou lè yo ap reyaji kont yon aksyon fòmèl oswa pwopozisyon aksyon IRS fè, pou yo konnen se yon bagay nòmal pou IRS bay konsiderasyon a objeksyon yo fè atan ak dokiman yo bay yo san pèdi tan epi san patipri, epi pou yo resevwa yon repons si IRS pa dakò ak pozisyon pa yo a.

5. Dwa pou Yo Konteste Desizyon IRS Pran nan Yon Fowòm Endepandan

Kontribyab yo gen dwa a kontestasyon administratif ki san patipri kont pifò desizyon IRS pran, tankou anpil amand, epi yo gen dwa pou resevwa yon repons ekri konsènan desizyon Office of Appeals (Biwo Apèl) la fè. Jeneralman kontribyab yo gen dwa pou yo antre nan pwose pou plede ka yo.

6. Dwa a Konklizyon Fèm

Kontribyab yo gen dwa pou yo konnen ki kantite maksimòm tan yo genyen pou yo konteste pozisyon IRS pran ansanm ak kantite maksimòm tan pou IRS fè odit yon ane taks presi oswa rekipere dèt taks yon moun dwe yo. Kontribyab yo gen dwa pou yon konnen kilè IRS fini ak yon odit.

7. Dwa a Vi Prive

Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke nenpòt demand pou enfòmasyon, verifikasyon, oswa mezi egzekisyon IRS ap fè ap fèt nan konfòmite ak lalwa epi sa pa p fouye plis pase nesesè, epi ap respekte tout dwa libète endividyèl moun genyen, tankou pwoteksyon kont fouy ak konfiskasyon, epi yo ap bay yo, lè sa aplikab, odyans pou respekte dwa endividyèl yo konsèman rekouvreman dèt.

8. Dwa a Konfidansyalite

Kontribyab yo gen dwa pou yo atann yo ke IRS pa p devwale okenn enfòmasyon yo bay IRS, sof si konribyab la ba yo dwa pou yo fè sa osinon lalwa mande sa. Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke ap gen sanksyon ki apwopriye kont anplwaye, moun ki fè preparasyon pou ranbousman taks, ak lòt moun ki itilize ou devwale enjisteman enfòmasyon ki nan deklarasyon taks kontribyab la.

9. Dwa Pou Pran Yon Reprezantan

Kontribyab yo gen dwa pou resevwa sèvis yon reprezantan ofisyèl ke yo chwazi pou reprezante yo nan afè yon gen ak IRS. Kontribyab yo gen dwa pou resevwa asistans nan men yon Low Income Taxpayer Clinic (Klinik pou Kontribyab a Revni Fèb).

10. Dwa a yon Sistèm Taks Ki San Patipri E Jis

Kontribyab yo gen dwa pou atann yo ke sistèm taks la pran an konsiderasyon detay ak sikonstans ki kapab afekte dèt priyoritè yo, kapasite pou yo peye, oswa kapasite pou yo bay enfòmasyon atan. Kontribyab yo gen dwa pou yo resevwa asistans nan men yon Taxpayer Advocate Service (Sèvis Defans pou Kontribyab) si yo nan sitiyasyon kote yo pa gen lajan oswa si IRS pa t rezoud pwoblèm taks yo korèkteman e alè pa mwayen nòmal yo.

Misyon IRS

Se pou bay kontribyab peyi Etazini yo pi gwo kalite sèvis pa mwayen ede yo konprann epi satisfè responsablite taks yo epi fè respekte lalwa ak entegrite ak jistis pou tout moun.

Publication 1 (HT) (Rev. 9-2017)
Catalog Number 74797I
Department of the Treasury
Internal Revenue Service
IRS.gov

<Page 2>

Verifikasyon, Apèl, Rekouvreman, ak Ranbousman

Verifikasyon (Odit)

Nou aksepte deklarasyon taks pifò kontribyab jan yo depoze l la. Si nou mande enfòmasyon sou deklarasyon ranbousman pa w la osinon seleksyone li pou verifikasyon, sa pa vle di ke ou nan magouy. Demand enfòmasyon oswa verifikasyon an petèt ka lakoz ou peye plis taks ou pa. Nou ka mete fen a ka pa w la san okenn chanjman; oswa, ou kapab resevwa yon ranbousman.

Pwosesis pou yo seleksyone yon deklarasyon taks pou verifikasyon nòmalman kòmanse nan youn nan de fason sa yo. Premyèman, nou itilize lojisyèl konpitè pou idantifye deklarasyon taks ki petèt mete chif ki pa kòrèk. Lojisèl sa yo kapab baze sou enfòmasyon ki nan fòmilè ou remèt, tankou Fòm 1099 ak W-2, sou etid verifikasyon nou fè avan yo, oswa sou deseri pwoblèm ke pwojè konfòmite yo idantifye. Dezyèmman, nou itilize enfòmasyon ki soti nan sous ekstèn ki endike ke yon deklarasyon petèt mete chif ki pa kòrèk. Sous sa yo kapab gen pami yo jounal, achiv piblik, epi moun. Si nou etabli ke enfòmasyon nou resevwa yo kòrèk e fyab, nou ka sèvi avèk li pou nou seleksyone yon deklarasyon taks pou verifikasyon.

Piblikasyon 556, Verifikasyon Deklarasyon Taks, Dwa pou Konteste, ak Demand pou Ranbousman (an Anglè) eksplike règleman ak pwosedi ke nou suiv lè nou ap fè verifikasyon. Seksyon ki ap vini la yo ap bay yon rezime sou fason nou mennen verifikasyon.

Pa Lapòs

Nou fè anpil verifikasyon ak demand pou enfòmasyon pa mwayen lapòs. Nou ap voye yon lèt ba ou ki ap gen swa yon demand pou plis enfòmasyon oswa rezon ki fè nou kwè ke ou dwe fè koreksyon nan deklarasyon taks ou. Ou kapab reponn pa lapòs osinon ou ka mande pou yon egzaminatè vin fè entèvyou pèsonèl avèk ou. Si ou voye enfòmasyon nou mande ou yo pa lapòs oswa ou bay eksplikasyon, petèt nou ka dakò avè w ou pa, epi nou ap eksplike pou ki rezon ou dwe fè koreksyon yo. Tanpri pa ezite ekri nou konsènan nenpòt bagay ou pa konprann.

Pa Mwayen Entèvyou

Si nou voye avi ba ou pou nou fè ou konnen ke verifikasyon pa w la ap fèt pa mwayen yon entèvyou pèsonèl, oubyen ou mande pou entèvyou a ou menm, ou gen dwa pou mande ke verifikasyon an fèt nan yon lè ak yon kote ki bon pou ou ak IRS alafwa. Si egazaminatè(tris) la pwopoze kèlkeswa koreksyon nan deklarasyon taks ou a, li ap eksplike rezon ki fè li mande koreksyon yo. Si ou pa dakò ak koreksyon sa yo, ou kapab fè reyinyon ak sipèvizè egzaminatè(tris) la.

Dezyèm Verifikasyon

Si nou te verifye deklarasyon taks ou pou menm bagay yo nan youn nan 2 ane ki sot pase la yo epi nou pa t pwopoze okenn koreksyon nan kòb taks ou te dwe a, tanpri antre an kontak avèk nou kou sa posib pou nou ka wè si nou dwe tèmine odit la.

Kontestasyon

Si ou pa dakò ak koreksyon ke egzaminatè(tris) la pwopoze yo, ou ka konteste sa a devan Appeals Office (Biwo Apèl) IRS la. Pifò dezakò kapab rezoud san nou pa oblije antran nan pwose devan tribinal ki koute anpil lajan ak tan. Nou eksplike dwa pou konteste yo an detay nan Piblikasyon 5, Dwa pou Konteste Yo ak Kijan Pou Prepare Yon Pwotestasyon Si ou Pa Dakò (An Anglè), ansanm ak Piblikasyon 556, Verifikasyon Deklarasyon Taks Yo, Dwa pou Konteste, ak Reklamasyon pou Ranbousman (an Anglè).

Si ou pa vle itilize Appeals Office (Biwo Apèl) la osinon ou pa dakò ak konklizyon li fè yo, ou kapab mennen ka pa w la devan U.S. Tax Court (Tribinal Taks Etazini), U.S. Court of Federal Claims (Tribininal Etazini pou Reklamasyon Federal), osinon U.S. District Court (Tribinal Distri Etazini) ki nan zòn ou abite a. Si ou mete ka pa w la devan tribinal, IRS pral gen obligasyon pou li pwouve deseri de detay si ou te toujou sovgade dosye ou korèkteman pou montre ki valè lajan taks ou dwe, si ou te kowopere ak IRS, epi ou ranpli yon seri lòt kondisyon. Si tribinal la dakò avè w konsènan pifò pwoblèm ki nan ka pa w la yo epi li twouve ke pifò pozisyon pa nou an pa jistifyab, ou kapab rekipere yon pòsyon nan depans ou fè nan koze administratif ak jijman an. Ou pa p gen dwa pou rekipere depans sa yo, sof si ou te eseye rezoud ka pa w la nan yon fason administratif, tankou lè ou pase pa sistèm kontestasyon an (appeal system), epi ou te ba nou enfòmasyon ki nesesè pou rezoud ka a.

Rekouvreman Dèt

Piblikasyon 594, Pwosesis Rekouvreman Dèt IRS la (an Anglè), eksplike dwa ou genyen ak responsablite ou konsènan pèman taks federal. Li dekri:

• Kisa pou fè lè ou dwe taks. Li dekri kisa pou fè si ou resevwa yon fakti taks epi kisa pou fè si ou panse ke fakti a pa kòrèk. Li gen ladan li tou detay sou pèman an plizyè vèsman, fason pou retade aksyon rekouvreman dèt la, epi soumèt yon òf kòm konpwomi.
• Aksyon Rekouvreman Dèt IRS Li pale de dwa pou retansyon (liens), liberasyon kont retansyon, prelèvman (levy), liberasyon kont prelèvman, konfiskasyon ak vann (seizures and sales), epi liberasyon byen moun.
• Si IRS sètifye a State Department (Depatman Deta a) ke ou gen yon dèt taks serye ke ou pa peye, sa ap lakòz jeneralman ke yo rejte aplikasyon paspò ou e petèt sa ka lakoz yo revoke paspò ou.

Yo ekplike dwa ou genyen pou konteste rekouvreman dèt yo nan Piblikasyon 1660, Dwa pou Konteste Rekouvreman Dèt (an Anglè).

Alèjman pou Mari oswa Madanm Ki Inosan

Jeneralman, e oumenm e mari w oswa madanm ou nou chak responsab pou peye tout lajan taks, enterè, ak amand nou dwe nan deklarasyon taks an komen an. Si toutfwa ou kalifye pou alèjman pou mari oswa madanm ki inosan, yo ka wete yon pati oswa tout dèt an komen an sou do ou. Pou mande alèjman, ou dwe depoze Fòm 8857, Demand pou Alèjman pou Mari oswa Madanm ki Inosan (An Anglè). Pou plis enfòmasyon sou alèjman pou mari oswa madanm ki inosan an, gade nan Piblikasyon 971, Alèjman pou Mari oswa Madanm Ki Inosan (an Anglè), ansanm ak Fòm 8857 (an Anglè).

Lòt Moun ke Yo Ka Kontakte pou Ou (Potential Third Party Contacts)

Jeneralman, IRS ap pran pa dirèkteman avèk ou oswa ak yon reprezantan ke ou otorize legalman. Sepandan, kèkfwa nou konn pale ak lòt moun si nou bezwen enfòmasyon ke ou pa t ka bay, oswa pou verifye enfòmasyon ke nou te resevwa. Si nou antre an kontak ak lòt moun vre, tankou vwazen ou, anplwayè, oswa anplwaye ou, jeneralman li ap nesesè pou nou ba yo deseri enfòmasyon limite sou ou, tankou non ou. Lalwa entèdi pou nou devwale kèlkeswa enfòmasyon ki plis pase sa ki nesesè pou nou jwenn oswa verifye enfòmasyon nou ap chèche a. Nou ka kontinye bezwen kontakte lòt moun pou ou toutotan ke dosye w la aktif toujou. Si nou antre an kontak ak lòt moun vre, ou gen dwa pou mande nou ba ou lis moun nou kontakte yo. Ou ka fè demand sa a pa telefòn, pa ekri, oswa pandan entèvyou pèsonèl.

Ranbousman

Ou kapab depoze yon reklamasyon pou ranbousman lajan si ou panse ke ou te peye twòp taks. Jeneralman se pou ou depoze reklamasyon an avan 3 zan apati dat ou te depoze premye deklarasyon taks la oswa 2 zan apati dat ou te peye taks la, sa depann de ki dat ki vin aprè. Jeneralman lalwa mande pou yo peye ou enterè sou kòb yo ranbouse w la si yo pa t peye li avan 45 jou apati dat ou te depoze deklarasyon taks ou oswa reklamasyon pou ranbousman an. Piblikasyon 556, Verifikasyon Deklarasyon Taks, Dwa pou Konteste, ak Demand pou Ranbousman (an Anglè), gen plis enfòmasyon sou ranbousman.

Si yo dwe ba ou ranbousman men ou pa t depoze dosye taks ou, jeneralman se pou ou depoze deklarasyon taks ou avan 3 zan apati dat (konte ekstansyon tou) yo te dwe ba ou ranbousman an.

Taxpayer Advocate Service (Sèvis Defans pou Kontribyab yo)

TAS se yon òganizasyon endepandan nan IRS la ki ka ede pwoteje dwa ou kòm kontribyab. Nou ka ba ou èd si pwoblèm taks ou genyen an mete ou nan sitiyasyon difisil, oswa si ou te eseye men ou pa t kapab rezoud pwoblèm ou genyen an ak IRS. Si ou kalifye pou asistans, ki toujou gratis, nou ap fè tout sa ki posib pou ede ou. Ale sou www.taxpayeradvocate.irs.gov oubyen rele nan 1-877-777-4778.

Enfòmasyon sou Taks

IRS bay sous ki anba la yo pou ka jwenn fòm, piblikasyon, ak plis enfòmasyon.

• Kesyon Taks: 1-800-829-1040 (1-800-829-4059 for TTY/TDD)
• Fòm ak Piblikasyon: 1-800-829-3676 (1-800-829-4059 for TTY/TDD)
• Entènèt: www.irs.gov
• Small Business Ombudsman (Medyatè Ti Antrepriz): Yon ti antrepriz ka patisipe nan pwosesis apliksayon lalwa yo epi fè kòmantè sou aksyon egzekisyon IRS fè yo si li rele nan 1-888-REG-FAIR.
• Treasury Inspector General for Tax Administration (Enspektè Jeneral Trezori pou Administrasyon Taks): Ou ka denonse konfidansyèlman move konduit, gaspiyaj, frod, oswa abi ke yon anplwaye IRS fè si ou rele nan 1-800-366-4484 (1-800-877-8339 for TTY/TDD). Ou pa oblije bay non ou. 